Nou kontan ou la e nou pa ka tann pou n konnen opinyon w sou dènye sijè n ap debat sou Koze Kilti Vyòl. Nan Ayiti Nou Vle A (ANVA), nou kwè nan mete #LideAnvanLidè, nou kwè nan yon kominote ki dinamik, kote moun k ap kòmante yo gen divèsite nan fason yo panse. Men, pandan w ap prepare w pou pataje bèl lide w yo avèk nou, sonje sijè n ap diskite a se yon sijè sansib. Kidonk ou bezwen n fè atansyon ak jan w ap pale de li.
Men 5 règ ou dwe respekte pou w ka kòmante sou sit sa - sonje si w pa respekte yo, n ap efase kòmantè w la; si yon moun ki kontinye pa respekte règ sit la, sa ka rive nou bloke l sou tout sit ANVA yo.
- Yon moun, yon kont
Ou gen dwa pou w kreye yon sèl kont sou sit la. Yon moun pa dwe gen plizyè kont. Nou vle evite moun k ap kreye fo pwofil pou fè konvèsasyon an deraye. Si w kreye yon dezyèm kont pa erè, ekri nou pou n ka ede w fè tout kont sa yo fè yon sèl.
- Toujou itilize koutwazi. Pa fè atak pèsonèl.
Diskisyon sou koze kilti vyòl se deba lide. Ou ka atake lide yon lòt moun ki kòmante men moman ou atake l pèsonèlman, konvèsasyon n ap seye fè a pa posib ankò. Diskisyon yo dwe fèt ak lizay.
- Respekte tan tout moun. Pa pibliye spam.
Espas kòmantè yo se espas pou n antre nan konvèsasyon youn ak lòt sou sijè ki abòde nan pòdkas la. Li pa yon espas pou w mande vote pou ou nan konkou, pou w fè pwomosyon pou biznis ou obyen lòt koze ki pa gen rapò ak sa k ap diskite a. Si w poste jan de bagay sa yo, n ap efase l epi w ap resevwa yon avètisman.
- Pa gen pònografi oswa kontni vilgè
Nan konvèsasyon n sou koze kilti vyòl, n ap souvan pale de sèks men sonje tout moun ap li sa w ekri a; kidonk ann kenbe sit la aksesib pou tout moun, pa poste anyen ki gen pònografi ladann, evite langaj vilgè.
- Pa itilize langaj abizif
Espas sa dwe yon espas kote tout moun - e an patikilye viktim vyòl, tizonnay ak lòt agresyon seksyèl - ka santi yo an sekirite. Menm si w ap diskite avèk pasyon, fè atansyon ak kijan mo w ap anplwaye ka afekte lòt moun. Konvèsasyon ki louvri a dwe fèt nan respè youn pou lòt.