Èvya Dòsenvil, yon jonalis, se envite nou nan katriyèm epizòd koze kilti vyòl. Avèk li, nou te fè yon ti rale sou kèk pawòl gwo zotobre ki ankouraje kilti vyòl. Pa egzanp, anpil fwa otorite yo toujou mande viktim yo fè atansyon ak kote yo prale, ak lè yap sòti epi rad y ap mete pou yo pa vyole yo. Sa vin parèt tèlman nòmal, lè yon fanm sibi kadejak oubyen tout lòt fòm vyolans seksyèl, premye reflèks otorite yo se kritike yo sou rad ki te sou yo, lè yo te sòti ak kote yo tale. Sa konn fè viktim yo prefere fè silans e predatè yo parèt gen yon boulva devan yo pou yo fè sa yo vle.
Èvya Dòsenvil te aksepte vin nan stidyo ANVA a pou n pale sou kèk pawòl gwo zotobre ki ankouraje kilti vyòl. Nou ka koute rezilta ti chita pale sa, la :
Èvya kòmanse pale sou enpòtans ki genyen pou leta antre bouch li nan zafè ki konsène gason ak fi. Li esplike se pa zafè gason ak fi sèlman. Se yon pwoblèm sosyal : fason sosyete wè ak trete fi, ki fòs vwa yo fi, ki wòl yo jwe. Leta dwe rantre bouch li sou zafè gason ak fi pou li ka ekilibre relasyon yo nan sosyete a. Li te pran egzanp kèk pawòl otorite yo konn di tankou, sa fi a tap fè la a lè sa, chanm gason pa gen chèz, elatrye. Pou li, gason yo pa ta dwe kontan paske diskou sa yo prezante yo kòm de moun ki paka kontwole tèt yo, de moun yo ta sipoze pè,de moun yo ta sipoze kouri pou yo.
Demen, Samdi 7 novanm 2020, a 2è PM, @AlDelisca ap resevwa @dhervia04. Ansanm nou pral gade kèk pawòl otorite yo konn di ki banalize vyòl, patisipe nan kilti vyòl.
— Koze Kilti Vyòl (@KozeKiltiVyol) November 6, 2020
Ou fè plan w deja pou koute emisyon an? Envite lòt moun fè menm jan ak ou. Mobilize. #PaFèSilans pic.twitter.com/G5ZfYVa1kS
Èvya Dòsenvil, pale tou sou vyolans seksyèl ki konn rive fi ki gen otorite. Pou li, se pa paske yon fi gen otorite ki fèl epanye anba kadejak ak vyolans seksyèl . Li te pran egzanp sou madanm prezidan yo, kote yo toujou ap ekri move bagay sou yo nan lari. Yo toujou ap dezynye yo ak pati entim yo. Li panse vizyon sosyete a genyen sou nenpòt fanm se li Lap genyen sou yon fanm menm sil madan prezidan, majistra, elatrye. Depi sosyete chanje vizyon li genyen sou fanm, tout fanm kit li gen otorite, kit li pa gen otorite ap santil pi alèz pou l viv nan peyi a.
Nan epizòd sa tou, nou te fè yon ti rale sou fason otorite ki gen akizasyon vyòl sou yo renmen si se pèsekisyon politik. Se yon fraz paspatou paske yo konnen pa gen anyen kap rive. Pou konbat enpinite sa, nou dwe pale, kenbe sa aktyalite li a pou viktim yo sispann wont. Men Hervia presize okenn viktim pa dwe nou istwa l. Gason ki pa vle yo trete tankou predatè dwe mete vwa yo ak viktim yo pou kontinye#Pafèsilans pou otorite yo pran men yo.
Se pou ede chanjman sa, Ayiti Nou Vle A lanse pòdkas Koze Kilti Vyòl la. Siw ta renmen kite sijesyon pou amelyore pòdkas la, klike sou sijesyon. Si w ta renmen reyaji sou epizòd la an antye, kite yon kòmantè anba paj sa.
Mèsi pou enterè w pou pòdkas la. M kontan w la.
Alain
Vwa moun ki nan emisyon sa:
- Animatè : Alain Délisca
- Envite : Hervia Dorsinville
- Spòt: Karène Franck
- Jenerik : Patricia Camilien
Lokasyon: ANVA Studios, Telefòn pèsonèl.
Miksaj: Perez Riquemi + Patricia Camilien pou ANVA Medya.
Klike la pou dekouvri tout ekip pòdkas la.
Afichaj 1 reyaksyon
Konkete ak