Patricia Camilien, blogèz La Loi de ma bouche, se envite nou nan senkyèm epizòd koze kilti vyòl. Li se ansyen pwofesè nan inivèsite. Avèk li, nou te fè yon ti rale sou pawòl Labib ak Legliz ki patisipe nan kilti vyòl. Pa egzanp, istwa Lòt nan liv Jenèz montre kijan sa parèt pa anyen. Gason nan vil Sodòm te mande Lòt zanj yo pou yo fè kadejak sou yo, Lòt ofri piti fi li yo pito epi finalman piti fi Lòt yo ba l bwè pou fè kadejak sou li.
Patricia te aksepte pale avèk nou nan telefòn pandan nou te nan stidyo ANVA a sou pawòl Labib ak Legliz ki patisipe nan kilti vyòl. Nou ka koute rezilta ti chita pale sa, la :
Patricia kòmanse pale sou korelasyon ki fò anpil ant kilti vyòl kote fanm se byen prive gason ak prezans Bondye nan espas piblik yo. Li te pran divès egzanp nan Labib sitou nan ansyen testamen pou montre kijan vyòl sou fanm banalize. Pa rapò ak nouvo testaman, li presize nouvo testaman pa vin aboli lalwa men li vin akonpli l.
Demen 14 novanm 2020, a dezè nan apremidi, n ap kontinye #PaFèSilans. Pou 5èm epizòd sa, @AlDelisca ap rankontre Patricia Camilien (laloidemabouche) pou kontinye konvèsasyon an sou pawòl labib ak pawòl relijsyon ki patisipe nan alimante vyòl. pic.twitter.com/Uug7gGIRwY
— Koze Kilti Vyòl (@KozeKiltiVyol) November 13, 2020
Patricia, te fon ti rale tou sou lòt relijyon ki konsidere fanm tankou byen prive gason. Li pale kijan bondye fanm yo ki te egal ego ak Bondye gason vin pèdi plas. Sa te tou pèmèt li montre relijyon pa rete nan relijyon sèlman, li gen enflyans sou syans yo. Pa egzanp, paske Appolon te deside fi se yon teren kote gason plante grenn li, lasyans te dakò tou. Jouk jounen jodya, sa gen enfliyans sou nou. Se sèlman nan lane 2015 yo resi desine klitoris fi, kriz kadyak touye plis fi pase gason paske yo konsakre mwens kòd ak sa ki konsène kò fanm.
Nan epizòd sa tou, nou te fè yon ti rale sou sanksyon nan labib kont agresè a. Menm si egzanp yo montre yo pa anpil e se pa plis fi yo sanksyon yo vle defann vre, egzanp fanm move vi a Jezi pa t kondane a montre bagay yo ka chanje. Finalman se pa relijyon yo ki pwoblèm men fason gason yo wè sosyete a ki vin gen enflyans sou fason relijyon tabli dominasyon gason sou fanm. Pou sa, li enpòtan pou n fè tande vwa nou pou n kase rapò dominasyon sa nan kontinye #PafèSialns.
Se pou ede fè chanjman sa, Ayiti Nou Vle A lanse pòdkas Koze Kilti Vyòl la. Si w ta renmen kite sijesyon pou amelyore pòdkas la, klike sou sijesyon. Si w ta renmen reyaji sou epizòd la an antye, kite yon kòmantè anba paj sa.
Mèsi pou enterè w pou pòdkas la. M kontan w la.
Alain
Vwa moun ki nan emisyon sa:
- Animatè : Alain Délisca
- Envite : Patricia Camilien
- Spòt: Karène Franck
- Jenerik : Patricia Camilien
Lokasyon: ANVA Studios, Telefòn pèsonèl.
Miksaj: Perez Riquemi + Patricia Camilien pou ANVA Medya.
Klike la pou dekouvri tout ekip pòdkas la.
Afichaj 1 reyaksyon
Konkete ak