Jeff Emmanuel Fleuridort, yon espesyalis nan kominikasyon vizyèl, se envite nou nan 8tyèm epizòd koze kilti vyòl. Avèk li, nou te fè yon ti rale sou kijan sinema ankouraje kilti vyòl. Pa egzanp, fason fim yo abode kadejak ak tizonnay vle fè zak sa yo parèt tankou jès lanmou, erotize yo olye yo montre yo tankou krim yo ye a. Pratik sa yo gen tandans bay plis jarèt a agresyon seksyèl, fè yo plis sigmatize viktim lan e fè l kwè sa li rive la nòmal.
Jeff te aksepte pale avèk nou sou zoom pandan nou te nan stidyo ANVA a sou kijan sinema ankouraje kilti vyòl. Nou ka koute rezilta ti chita pale sa, la :
Jeff kòmanse pale sou kijan fim yo pa pran kadejak oserye. Li esplike olye li fè nou gen senpati pou moun yo vyole a, li fè nou gen senpati pito pou moun ki pral vanje aksyon kadejak la ki se yon gason. Li tou pwofite montre kijan sinema kanpe pwofil gason an ki se ewo a pandan li gen tandans montre fi a la pou bèbèl epi l pa twò itil tèt li anyen.
Demen, a 2è PM, retwouve @AlDelisca ak @JFleuridort pou yon bat bouch sou kilti vyòl nan sinema, nan ti komik, nan piblisite, nan pònografi. #PaFèSilans pic.twitter.com/3B29ORACGT
— Koze Kilti Vyòl (@KozeKiltiVyol) December 4, 2020
Jeff, te fon ti rale tou sou sinema ayisyen an. Li esplike, menm si sinema ayisyen an pa tw pwodwi, mesaj yo pa twò diferan. Li site yon seri de fim kote yo pa pran fanm pou anyen. Li tou pale sou videyo mizik ak reklam yo ki mete kò fi twò an avan. Li te tou pwofite mete bemòl: li di li pa tap yon pwoblèm si yo mete kò gason ak fi an avan si reklam la mande sa. Li te pran egzanp yon fi kap bwè yon byè men aksan mete sou ko fi. Lè sa, daprè Jeff, li vin yon pwoblèm e se kont sa nou dwe goumen.
Nan epizòd sa tou, nou wè yon seri tès ki mete sou pye pou gade enpòtans wòl fanm yo nan fim yo. Li menm presize gen de peyi an Ewòp, si fim yo pa pase tès la, yo pap pwojte nan sinema ak nan televizyon. Li presize menm si nou lwen tès sa yo an Ayiti, gen de lòt mwayen nou ka itilize pou fe faskare ak jan nou konsidere fanm nan sinema. Pou li, anpil fwa, se paske moun ki nan reyalizasyon, ki anpil fwa se fi, pa tande pale de tès sa yo e yo pa konsyan de tout mal yo fè. Se pou sa, li enpòtans pou nou #PafèSialns.
Se pou ede fè chanjman sa, Ayiti Nou Vle A lanse pòdkas Koze Kilti Vyòl la. Si w ta renmen kite sijesyon pou amelyore pòdkas la, klike sou sijesyon. Si w ta renmen reyaji sou epizòd la an antye, kite yon kòmantè anba paj sa.
Mèsi pou enterè w pou pòdkas la. M kontan w la.
Alain
Vwa moun ki nan emisyon sa:
- Animatè : Alain Délisca
- Envite : Jeff Emmanuel Fleuridort
- Spòt: Karène Franck
- Jenerik : Patricia Camilien
Lokasyon: ANVA Studios, Telefòn pèsonèl.
Miksaj: Perez Riquemi + Patricia Camilien pou ANVA Medya.
Klike la pou dekouvri tout ekip pòdkas la.
Afichaj 1 reyaksyon
Konkete ak