Souvantfwa konsantman prezante tankou yon bagay ki gen anpil zòn gri men pa gen fwontyè flou nan konsantman: Si pa gen yon wi san kontrent, se non. Dezyèm sezon Koze Kilti Vyòl ap konsantre l sou konsantman. L ap kòmanse samdi 10 avril pou l fini samdi 12 jen 2021.
Si w poko fè sa, nou konseye w koute premye sezon pòdkas la sou langaj. Si w ta renmen patisipe nan pòdkas la, pa ezite kontake nou, n ap kontan genyen w avèk nou.
Men lis emisyon dezyèm sezon an. N ap ajoute lyen pòdkas yo pou nou ka tande yo firamezi yo poste.
10 Avril 2021 : Fò l di wi anvan
17 Avril 2021 : Prizon pa dous
24 Avril 2021: Ret nan wòl ou
1ye Me 2021 : Renmen moun ki renmen w
8 Me 2021 : Wi pa toujou wi
15 Me 2021 : Ou gen dwa di non
22 Me 2021 : Ou gen dwa di wi
29 Me 2021 : Let’s talk about sex
5 Jen 2021 : Mete m sou sa
12 Jen 2021 : Lanmou nou pran dife
Telechaje kalandriye sezon an: PNG, PDF, Story/Fleet